Breadcrumb

  1. Home
  2. Enfòmasyon an kreyòl ayisyen
  3. Wòl Pwofesyonèl Sante Mantal la nan Demann yon Kliyan pou yon Amenajman Rezonab nan Travay

Wòl Pwofesyonèl Sante Mantal la nan Demann yon Kliyan pou yon Amenajman Rezonab nan Travay

Anpil moun ki gen twoub sante mantal komen yo, gen dwa jwenn yon amenajman rezonab nan travay yo dapre Lwa Ameriken ki gen yon Andikap (Americans with Disabilities Act, ADA). Lè y ap mande amenajman, pafwa, kliyan yo ka bezwen dokiman jistifikatif nan men pwofesyonèl sante mantal yo. Fich Enfòmasyon sa a bay yon eksplikasyon rezime sou lwa sou amenajman rezonab la ak wòl pwofesyonèl sante mantal la nan pwosesis amenajman an.  

1.    Kisa ADA Ye?

ADA a se yon lwa federal ki entèdi anplwayè ki gen 15 anplwaye oswa plis fè diskriminasyon sou baz yon andikap, epi li bay anplwaye ak postilan nan travay ki gen andikap dwa a yon amenajman rezonab nan travay. Li bay dwa ki pa nan kontèks travay la tou, yo pa diskite la a. 

2.    Kisa Ki Yon Amenajman Rezonab?

Yon amenajman rezonab se yon chanjman kèlkonk nan fason bagay yo fèt nòmalman nan travay la ki pèmèt yon moun fè yon travay, postile pou yon travay, oswa jwenn aksè ekitab nan avantaj ak privilèj yon travay. Pami amenajman rezonab ki pi komen yo, genyen modifikasyon orè travay ak poz (egzanp, fikse lè travay an fonksyon de randevou medikal), konje pou tretmanchanjman nan metòd sipèvizyon (egzanp, bay enstriksyon alekri, oswa divize travay la an plizyè pati), elimine yon fonksyon travay ki pa esansyèl (oswa segondè) ke yon moun pa ka fè akòz yon andikap, epi teletravay. Lè yon anplwaye te okipe yon pòs avèk siksè men li vin pa kapab fè li ankò akòz yon andikap, ADA ka egzije tou transfè nan yon pòs ki vid ke anplwaye a ka fè. Sa yo se jis egzanp; anplwaye yo lib pou mande, epi anplwayè yo lib pou sijere lòt modifikasyon oswa chanjman.

3.     Èske Kliyan Mwen an Bezwen Gen yon Twoub an Patikilye pou Li Jwenn yon Amenajman Rezonab?

Yon twoub ki ka jwenn yon amenajman rezonab se yon twoub ki, si li pa trete, ka "limite anpil" youn oswa plizyè aktivite enpòtan nan lavi tankou fonksyon sèvo/newolojik ak aktivite tankou kominike, konsantre, manje, dòmi, kontwole panse oswa emosyon, okipe tèt ou, ak aji avèk lòt moun. (Kliyan an pa oblije kanpe tretman an.  Se sentòm kliyan ann absans tretman ke yo senpman konsidere pou detèmine si moun nan gen yon "andikap" dapre ADA a.)

Yon twoub pa oblije pwovoke yon gwo nivo limitasyon nan fonksyònman w pou li "limite w anpil". Twoub ki ka kalifye, pa egzanp, se sa ki rann aktivite yo pi difisil, enkonfòtab oswa fè yo pran tan konpare ak jan pifò moun fè yo. Anplis desa, si sentòm kliyan an yo fè ale vini, sa ki enpòtan, se a ki pwen yo ka limite li lè yo prezan. Règleman Federal yo di ke kèk twoub ta dwe fasil pou kalifye kòm andikap, tankou gwo twoub depresyon, twoub bipolè, twoub estrès apre twoma, twoub obsesyon konpilsif, ak eskizofreni. Lòt twoub ankò ki ka kalifye, sa pral depann de sentòm moun nan prezante. Epitou, yon moun ka kalifye pou yon amenajman rezonab si li te gen yon defisyans ki te limite li anpil anvan.  

Men sepandan, ADA pa pwoteje moun ki angaje nan itilizasyon dwòg ilegal nan tan prezan an lè yon anplwayè pran yon mezi ki baze sou itilizasyon sa a. Yon moun ki  alkolik oswa ki te gen depandans pou dwòg anvan ka gen dwa jwenn yon amenajman rezonab tankou konje pou tretman. Men, ADA presize ke anplwayè yo pa oblije tolere anplwaye k ap itilize oswa ki anba enfliyans alkòl oswa dwòg ilegal nan travay la, oswa pèfòmans ki pa satisfezan oubyen konpòtman ki gen rapò ak itilizasyon alkòl oswa dwòg ilegal. 

4.    Ki Kalite Amenajman Rezonab Kliyan Mwen an Ka Jwenn?

Si kliyan w lan gen yon andikap, anplwayè a gen obligasyon legal pou ba li yon amenajman rezonab ki ka ede kliyan an fè travay la. Si gen plizyè amenajman posib, anplwayè a ka chwazi kiyès li vle fè. Sepandan, yon anplwayè pa gen obligasyon pou li fè yon amanajman ki tou senpleman pa parèt rezonab (ki pa reyalis oswa ki pa posib), oswa ki ta lakòz gwo difikilte finansye oswa operasyonèl. Li pa janm oblije aksepte ke kondisyon nòm pwodiksyon yo oswa règleman konpòtman ki nesesè pou operasyon biznis la e ki aplike pou tout anplwaye yo menm jan pa respekete, oswa pou kenbe yon moun ki pa ka fè travay la menm ak yon amenajman rezonab.

5.     Ki Lè Li Enpòtan Pou Kliyan Mwen an Mande yon Amenajman Rezonab?

Kòm yon anplwayè pa oblije aksepte ke kondisyon nòm pwodiksyon ki aplikab tout tan yo pa respekte, menmsi se maladi oswa efè segondè medikaman ki kreye difikilte a, li  t ap nan enterè kliyan w lan pou li mande yon amenajman anvan okenn pwoblèm poze nan travay la oswa vin pi grav. Yon amenajman ka ede evite mezi disiplin oswa menm revokasyon pandan l ap pèmèt kliyan w lan reyisi nan fè travay li.

6.    Kijan Mwen Ka Ede Kliyan Mwen an Jwenn yon Amanajman Rezonab?

Kliyan w lan ka mande w pou w dokimante eta sante li a ansanm ak limit li kreye nan fonksyònman li, epi pou w eksplike kijan amenajman li mande a ka ede. Anplwayè a, petèt an konsiltasyon ak yon pwofesyonèl lasante, pral sèvi ak enfòmasyon sa a pou evalye si pou li ofri yon amanajman rezonab ou non, epi si wi, kiyès. Moun ki responsab pou evalye demann amenajman an ka kontakte w tou pou mande klarifikasyon sou sa ou te ekri a oswa pou ba w plis enfòmasyon pou w konsidere. Pa egzanp, yo ka pale w de yon fonksyon an patikilye nan travay la epi mande w si amenajman li mande a ka ede kliyan w lan fè li oswa yo ka mande w si yon lòt amanajman t ap efikas lè, pa egzanp, amenajman kliyan an mande a twò difisil oswa koute chè pou anplwayè a.

Anplwayè yo oblije kenbe tout enfòmasyon ki gen rapò ak demann amanajman rezonab konfidansyèl.

7.    Èske Mwen Gen Pèmisyon Divilge Enfòmasyon Medikal Kliyan M nan?

ADA pa chanje obligasyon etik oswa legal yon pwofesyonèl lasante. Ou ta dwe mande yon amenajman rezonab pou yon kliyan oswa bay yon anplwayè enfòmasyon medikal sou yon kliyan sèlman si li mande w pou fè sa epi li siyen yon otorizasyon.

8.    Èske yon Anplwayè Ka Fè Diskriminasyon Kont Kliyan M nan Akòz Enfòmasyon Mwen Bay la?

ADA entèdi anplwayè pou yo pèsekite kliyan w lan akòz yon twoub sante mantal, epi pou yo revoke oswa pran lòt mezi defavorab kont kliyan w lan akòz yon twoub sante mantal. Kidonk, sof si enfòmasyon ou bay yo montre ke kliyan w lan pa kapab ranpli fonksyon esansyèl pòs la menm avèk yon amenajman rezonab, anplwayè a legalman pa kapab pran mezi defavorab ki baze sou enfòmasyon an.

Pafwa, anplwayè yo fè diskriminasyon ilegalman kanmenm. Se poutèt sa li ta bon pou w ta diskite risk ki genyen lè w divilge twoub la (tankou posiblite diskriminasyon ilegal), ak lè w pa divilge li (tankou pa jwenn yon amenajman rezonab ki ka nesesè pou fè travay la). 

9.    Ki Kalite Dokiman ki Ta Ka Itil?

Anplwayè yo ka mande dokiman ki montre kijan twoub kliyan w lan limite pèfòmans li nan travay, epi kijan yon amenajman ka ede simonte limit yo. Sepandan, ou pa ta dwe tou senpleman bay dosye medikal kliyan w lan, paske yo gen anpil chans l ap genyen enfòmasyon ki pa nesesè. Dokimantasyon an gen plis chans pou ede kliyan w lan jwenn yon amenajman rezonab si li itlize yon langaj klè pou eksplike:

  • Kalifikasyon pwofesyonèl ou yo ak kalite epi longè relasyon w ak kliyan an.  Yon deklarasyon tou kout ap sifi.
  • Kisa eta sante kliyan an ye. Dapre jijman pwofesyonèl ou, di ki kalite twoub sante mantal kliyan an soufri menmsi kliyan an pa gen sentòm kounye a (pa egzanp, akòz itilizasyon medikaman oswa paske twoub la an remisyon). Si kliyan an mande w pou pa divilge dyagnostik presi, jis endike ki tip twoub la ye an jeneral (egzanp, "yon twoub anksyete"), oswa bay yon deskripsyon sou jan twoub la limite yon fonksyon sèvo/newolojik anpil oswa kèk lòt aktivite enpòtan nan lavi a, ka sifi.
  • Limit nan fonksyònman kliyan an genyen an absans tretman. Dekri a ki pwen twoub la ka limite yon fonksyon sèvo a oswa yon fonksyon newolojik, oswa yon lòt aktivite enpòtan nan lavi (pa egzanp, konsantre, aji ak lòt moun, manje, dòmi, aprann, li, kominike, oswa reflechi), nan absans terapi, medikaman oswa tout lòt tretman. Si sentòm twoub la yo fè ale vini oswa yo an remisyon, dekri limit yo pandan yon epozòd aktif. Li sifi pou ou montre kijan li limite yon aktivite enpòtan nan lavi.
  • Bezwen pou yon amenajman rezonab. Eksplike kijan eta sante kliyan an rann chanjman nan travay li nesesè. Pa egzanp, si kliyan w lan bezwen yon amenajman pou li ka ranpli yon fonksyon an patikilye nan travay la, ou ta dwe eksplike kijan sentòm kliyan an yo – jan yo ye vrèman an, ak tretman – rann ranpli fonksyon an pi difisil. Si sa nesesè, mande kliyan an pou li deskri sa li fè nan travay li. Limite diskisyon an nan pwoblèm presi amenajman rezonab la ka rezoud yo. Eksplike anplwayè a tou poukisa kliyan an ka bezwen yon amenajman tankou chanjman orè (pa egzanp, pou ale nan yon randevou terapi pandan jounen travay la) oswa konje (pa egzanp, pou abitye ak yon nouvo medikaman, resevwa tretman, oswa refè).   
  • Sijesyon pou amenajman. Si ou konnen yon amenajman efikas, ou ka sijere li. Pa egzajere nesesite pou yon aranjman an patikilye, pou si yon altènatif ta vin nesesè.

Plis Enfòmasyon

Pou jwenn plis enfòmasyon sou amenajman rezonab ak diskriminasyon kont andikap, vizite sit entènèt Komisyon pou Opòtinite Egal la (EEOC) (http://www.eeoc.gov), oswa rele EEOC nan 800-669-4000 (vwa) oswa nan 800-669-6820 (TTY).